Accessibility links

Breaking News

6 Moun pou Pipiti Mouri nan yon Dife Ki Eklate nan Vil Lond , Peyi Angletè


Plis pase 200 sapè ponpye te debake nan 40 kamyon anti-ensandi pou etenn dife a ki te eklate nan bilding Grennfell Tower a nan vil Lond peyi Angletè. Mèkredi 14 jen 2017.
Plis pase 200 sapè ponpye te debake nan 40 kamyon anti-ensandi pou etenn dife a ki te eklate nan bilding Grennfell Tower a nan vil Lond peyi Angletè. Mèkredi 14 jen 2017.

Komisè sèvis ponpye vil Lond la fè konnen otorite britanik yo resanse yon gwo kantite viktim nan kad yon gwo kokenn ensandi ki detwi yon konplèks apatman byen bonè mèkredi 14 jen 2017 la.

Genyen plis pase 200 sapè ponpye ki te debake nan 40 kamyon anti-ensandi pou etenn dife a ki te eklate nan bilding Grennfell Tower a, ki gen 24 etaj antou, e ki twouve l nan katye North Hampton kapital britanik la. Ensandi a te tanmen vè zòn inè dimaten lè lokal.

Sapè ponpye yo di dife a te kòmanse nan 2èm etaj konplèks apatman an. Temwen fè konnen yo te kapab tande rezidan kap rele osekou andedan bilding nan, e kèk ladan yo te pwoche bò fenèt yo pou atire atansyon sekouris yo pi plis toujou. David Benjamin, yon rezidan Bilding Grenfell Tower a deklare:

"Te genyen lafimen literalman toupatou; te genyen moun ki tap rele anmwey apre kèk minit, paske san di petèt, plizyè moun tap dòmi nan etaj ki pi wo yo, e yo pat konprann anyen nan sak tap pase a. Mwen pa menm fin si ke mwatye ladan yo, pou m onèt avèk ou, te genyen timoun piti bò fenèt yo, genyen sèten rezidan ki te limen limyè ki nan telefòn yo, jis pou mande asistans, men sapè ponpye yo pat an mezi pou monte anlè a."

Dapre komisè anti-ensandi vil Lond la, Dany Cotton, otorite britanik yo poko rive detèmine koz dife a. Pandanstan, nouvèl yo fè konnen anpil moun mouri, e sèvis anbilans transpòte plis pase 50 pasyan nan 5 diferan lopital nan kapital britanik la.

XS
SM
MD
LG