Zòn ki devan Kou Siprèm Etazini an nan Washington chaje ak moun jodia. Gen dè santèn manifestan ki pou ak kont avòtman legal ap chante slogan ke jij lakou yo ka tande klèman.
"Chwa kiyès? Chwa pa'm," se youn nan chan moun ka tande. Yon lòt kote gen sakap chante "Hey hey, ho ho, Roe v Wade dwe elimine." (Roe v Wade se ka istorik ki te legalize avotman Ozetazini).
Andedan kou siprèm nan menm, avoka Sant pou Dwa Repwodiktif yo ap defye dezisyon eta Mississippi fè pou'l entèdi avòtman apre 15 semèn gwosès.
Sou twotwa a, yon nèg ki gen yon mikwo ap eseye pale pi fò pase tout lòt moun ki kanpe deyò a. "Nou renmen touye timoun," misye deklare.
Depite Barbara Lee, yon Demokrat ki se ko-direktris Komite Kongrè a ki an favè dwa medam yo genyen pou yo chwazi si yo vle fè avòtman ou pa, dekri eksperyans yon moun ki deside fè yon avòtman te viv anvan Kou Siprèm nan te legalize pwosedi medikal la toupatou nan peyi a. Depite Lee deklare gen anpil fanm nwa ki pat soti vivan apre yo te fè avòtman.