Accessibility links

Breaking News

Achevèk Desmond Tutu Mouri. Li te gen 90 Zan


Achevèk Desmond Tutu ki te pran lapawòl devan nouvo diplome Inivèsite Oklahoma, nan vil Norman,OK, apre l te fin resevwa yon diplòm onorifik nan dat 25 april 2000.
Achevèk Desmond Tutu ki te pran lapawòl devan nouvo diplome Inivèsite Oklahoma, nan vil Norman,OK, apre l te fin resevwa yon diplòm onorifik nan dat 25 april 2000.

Yon fwa demokrasi te pran pye nan Afrik di Sid an 1994, Achevèk Tutu te kontinye mennen kanpay an favè dwamoun, kote l te defann nenpòt ki kòz toupatou nan lemomd. Li te gen yon kè sansib espesyalman pou ti moun ak jenn moun yo.

Peyi Afrik di Sid kòmanse yon semèn dèy nasyonal pou Achevèk Desmond Tutu ki mouri dimanch 26 desanm 2021 an. Li te gen 90 lane.

Katedral vil Kaptown nan, Katedral Sen Jòj, pral karyonnen klòch chak jou a midi rive jous vendredi 31 desanm pou onore ewo anti-apatayd la anvan dewoulman antèman li samdi premye janvye a. Lendi 27 desanm nan, klòch katedral la te sonnen pandan 10 minit. Se nan katedral sa a Achevèk Tutu te resevwa anpil moun pandan epòk apatayd la pou l bay yo refij.

Aktyèl achevèk Kaptown nan, Thabo Makgoba, pran lapawòl lendi 27 desanm nan pou l te mete yon mesaj devan laprès nan lonè Achevèk Desmond Tutu nan Katedral Sen Jòj la.

Yon kanpay kont apatayd e ki te repoze sou non-vyolans Achevèk Tutu te mennen te ba l dwa ak yon rekonesans entènasyonal. Se konsa li ta pral ranpòte Pri Nobel Lapè a nan ane 1984. Anpil konpatriyòt li –fanm kou gason- te toujou pwofite nenpòt ki okazyon pou yo manifeste lanmou yo pou li.

Yon fwa demokrasi te pran pye nan Afrik di Sid an 1994, Achevèk Tutu te kontinye mennen kanpay an favè dwamoun, kote l te defann nenpòt ki kòz toupatou nan lemomd. Nan ane ki fèk pase yo, li te leve vwa l pou l denonse Kongrè Nasyonal Afriken an (abreje angle ANC) ki sou pouvwa a nan peyi li; tou espesyalman li te leve kont koripsyon k ap fè raj nan sen pati a san pèsonn moun pa chache chanje sa.

Li te gen yon kè sansib espesyalman pou ti moun ak jenn moun yo. Li te patwonne anpil konpayi. PDG youn nan yo, Jason Falken, deklare menm lè Desmond Tutu te malad, li te rete an kontak avèk li pa imèl dekwa pou yo te ka travay sou yon plan ki ta pèmèt lajan li t ap bay la kontinye al jwenn konpayi an menm aprè li ta mouri.

Nan okazyon lanmò Achevèk Desmond Tutu, gen anpil aktivite ki planifye pou semèn sa a; pami yo genyen yon sèvis memoryal ke Konsèy Legliz Afrik di Sid yo pral òganize mèkredi.

Kò Achevèk Tutu pral ekspoze nan Katedral Sen Jòj la vandredi. Seremoni antèman li pral dewoule samdi nan Kaptown, nan Afrik di Sid.

Klike sou video ki pi ba a pou w siv yon repòtaj avèk Serge Rodriguez.

Sitwayen Afrik di Sid yo an dèy. Achevèk Desmond Tutu mouri a 90 zan.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:28 0:00

XS
SM
MD
LG