Otorite ameriken yo fè konnen Prezidan Barack Obama te konsidere divès opsyon e li te balanse enpòtans tout opsyon sa yo anvan li te bay pèmisyon pou lame amerikèn lanse atak ki touye Oussama Bin Laden, lidè rezo teworis al-Kaida a.
Pwòch kolaboratè misye Obama yo pat antann yo sou kesyon pou konnen kilès nan opsyon sa yo pou l te adopte. Prezidan an te rejte lide pou lame amerikèn te bonbade lokal kote Bin Laden te kache a : daprè otorite yo, yon plan konsa t ap genyen mwens risk pou sòlda ameriken yo, se vre; men sa t ap fè l difisil pou konfime si Bin Laden te anndan an vrèman e si l te mouri nan operasyon an.
Menm sous ofisyèl la kontinye pou di Prezidan Obama te anvizaje tou posiblite pou lame amerikèn te kontinye siveye kay la pou yo te kapab genyen plis asirans enfòmasyon sekrè yo te korèk e pou yo te si e sèten moun ki te anndan rezidans la sete ben Laden.
A la fen dè fen, nan vandredi maten, Prezidan Obama te bay otorizasyon pou yo lanse operasyon militè a.
Nan yon pwen-de-près ki dewoule lendi 2 me a nan La Mezon Blanch, chèf sèvis kontre-espyonaj Administrasyon Obama a, John Brennan, bay detay sou atak ayeryen trè konplike yon inite delit lame amerikèn te lanse pou elimine Bin Laden nan.
Daprè misye Brennan, inite delite sa a se yon gwoup sòlda byen antrene ki fè pati lamarin de gè Lèzetazini; mesye sa yo te nan elikoptè e yo te desann sou kòd nan rezidans Ben Laden nan, nan vil Abbottabad, byen bonè lendi maten, lè lokal.
Apre yo te fin antre anndan prensipal batiman ki nan rezidans la, youn nan sòlda yo tire Bin Laden nan tèt pandan yon batay t ap dewoule. Chèf sèvis kontre-espyonaj administrasyon Obama a kontinye pou l di inite delit la te gen plan tou pou l mete men sou Bin Laden tou vivan.
Daprè John Brennan toujou, operasyon an te dire 40 minit. Pou li, 40 minit sa yo sete : “Moman ki te pi chaje ak anksyete, atant ak emosyon pou ofisyèl gouvènman ameriken an”.