Accessibility links

Breaking News

Komemorasyon 262èm Anivèsè Nesans Lanperè Jan-Jak Desalin


Desalin te pran nesans yon 20 septanm nan lane 1759 nan lokalite Grann Rivyè di Nò, nan Depatman Nò. Nan dat 18 septanm 2020, defen Prezidan Jovnèl Moyiz te pran yon dekrè ki te desiye jou 20 septanm chak ane Jou Nesans J. J. Desalin epi 17 oktob, dat lanmò li, yon jou "dèy nasyonal."

Manm plizyè òganizasyon politik ak sosyal te rasanble sou Channmas la, nan Pòtoprens, nan jounen lendi 20 septanm 2021 an, pou make 262èm anivèsè nesans fondatè nasyon ayisyèn nan, Lanperè Jan-Jak Desalin. Premye souvren eta d Ayiti a te pran nesans yon 20 septanm nan lane 1759 nan lokalite Grann Rivyè di Nò, nan Depatman Nò. Nan dat 18 septanm 2020, defen Prezidan Jovnèl Moyiz te pran yon dekrè ki te desiye jou 20 septanm chak ane Jou Nesans J. J. Desalin epi 17 oktob, dat lanmò li, yon jou "dèy nasyonal."

Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon repòtaj korespondan nou Renan Tousen..

Repòtaj Renan Tousen sou selebrasyon Fèt Desalin, edisyon 2021.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:13 0:00

XS
SM
MD
LG