Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Devan Yon Tribinal OEA Sou Eleksyon yo nan Venezuela


Lidè opozisyon an nan Venezuela Leopoldo Lopez
Lidè opozisyon an nan Venezuela Leopoldo Lopez

Tribinal Entè-ameriken Dwa moun rankontre pou tande agiman konsènan desizyon gouvènman venezuelyen an te pran an 2008 pou bloke plizyè santèn moun pou yo pa patisipe nan kous pou yon pòs elektif.

Lidè opozisyon Leopoldo Lopez gen pou l fè depozisyon madi 1er mas 2011 la a devan tribinal Kosta-Rika a nan moman tribinal sa a kòmanse 2 jou-seyans depozisyon sou dezisyon ki te afekte 575 moun, pami yo mesye Lopez .


Daprè anons ki soti sou sit entènèt tribinalla , mesye Lopez kòm tenmwen ap temwaye . Ap gen tou 4 temwen ekspè k ap asure defans lidè a . Tribinal la ap tande tou kèk reprezantan gouvènman venezuelyen an .

Entèdiksyon pou moun sa yo pa patisipe nan eleksyon yo toujou an vigè pandan ke kontwolè jeneral leta ki an favè Prezidan Chavez ap men-nwen ankèt sou politisyen ki anba akizasyon koripsyon.

XS
SM
MD
LG