Otorite pakistanè yo akize 3 madanm Osama bin Laden yo kòmkwa yo te antre e nan peyi a e kite l ilegalman. Ministè Enteryè pakistanè a Rehman Malik anonse gouvènman an depoze plent kont medam yo, semèn sa a.
Li pa klè ki lè yo pral nan jijman. Pandanstan, otorite yo konfime ke dam sa yo nan rezidans siveye. Dapre ekspè legal, si tribinal jwenn yo koupab, yo ka pran 5 an prizon.
Pakistan te mete men sou madanm lidè al-Qaida a – 2 moun Arabi Saoudit ak youn ki se moun peyi Yemen – ansanm ak 10 pitit yo e fèmen yo apre kòmando espesyal te touye Bin Laden nan yon desant dè lye an degizman ki te fèt lakay li nan bouk militè pakistanè Abbottabad, 2 me ane pase.