Accessibility links

Breaking News

Depite Demokrat Elijah Cummings Mouri Anba yon Maladi; Li Te Gen 68 Tan


 Depite Demokrat ELijah Cummings
Depite Demokrat ELijah Cummings

Baltimore, Depite Demokrat nan Kongrè ameriken an Elijah Cummings mouri nan Lopital Johns Hopkins apre konplikasyon ki lye a pwoblèm sante. Anpil moun ap sonje Depite Cummings ki te tounen youn nan Congressman trè selèb apre li te angaje nan envestigasyon Komite nan chanm bas la tap mennen sou Prezidan ameriken an Donald Trump.

Mesye Cummings se te yon bon orate, yon nèg ki konn fè gran diskou avèk pasyon lè lap defann moun ki pi pòv yo ak majorite nwa kap viv nan distrik li a, Baltimore. Depite Cummings te jwe wòl prezidan gwoup Black Caucus yo soli lane 2003 pou rive nan ane 2004.

Li te batay avèk rigè pou l te kapab jwenn tout mwayen pou bay gwoup la plas li nan soysete amerikèn nan.

Prezidan ameriken Doanld Trump, ki te toujou ap kritike depite a ki tap mennen ankèt sou admintrasyon li an kote li te konn di poukisa Mesye Cummings pa rezoud pwoblèm rat ki fin anvayi site Baltimore, ebyen Prezidan Trump an nan yon mesaj sou kont Twitter reyaji sou lanmò a pou swete kondoleyans bay fanmi depite a ke lanmò afekte.

XS
SM
MD
LG