Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken, Stephen Scalise, Blese Pa Bal nan Virjini


Depite Ameriken Stephen Scalise Foto: 23 mas, 2017.
Depite Ameriken Stephen Scalise Foto: 23 mas, 2017.

Depite Ameriken Stephen Scalise blese pa bal mèkredi 14 jen 2017 la, nan vil Alexandria ki nan Eta Virjini, sid Washington dapre ofisyèl sèvis dijans lokal yo.

Pou kounye a, lavi Depite Scalise pa andanje. Depite repibliken an te pran yon bal nan tay li pandan li, ansanm ak plizyè lòt kòlèg depite pati Repibliken an te nan yon antrenman match Bezbòl ki gen pou jwe jedi kap vini an.

Prezidan ameriken an Donald Trump ak Vis-Prezidan Mike Pence fè konnen yap suiv sitiyasyon an deprè. "Nou vrèman tris pou trajedi sa a ki rive a. Nou voye panse nou ak priyè nou pou manm ak pèsonèl Kongrè a, san bliye polisye ki atache ak sèvis Capitol la, ofisyèl sèvis dijans yo, ak tout moun ki afekte yo" pou n site Prezidan Trump.

Temwayaj moun ki te sou plas

Depite Mo Brooks ki te sou plas sou sèn kote ensidan an te rive a, di chèn televizyon CNN ": depite Scalise pat kapab fè oken mouvman poukont li. Li te trenen soti deyò pou li te kapab chape anba kout zam ki tap tire yo." Depite Brooks fè konnen nèg ki tirè a te kanpe dèyè teren an kote ki bare ak griy la.

Videyo sou sèn kote yon nonm te tire sou Depite Ameriken Stephen Scalise
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:11 0:00

Lapolis kalifye tire a kòm yon ensidan izole

Chèf polis Alexandria a, Michael Brown di. "Pou le moman, tout endis nou rasanble nan vil sa a, montre se yon ensidan izole; men ankèt la pral dire lontan; se pral yon envestigasyon a lon-tèm. Mesye Brown ajoute pou l di lapolis pat pran tan pou yo mete men sou sispèk la.

Youn nan ajan espesyal FBI kap patisipe nan ankèt la se Tim Slater ki fè konnen li twò bonè pou otorite yo konnen si ensidan sa a fè pati yon operasyon teworis. Sispèk la ki te louvri kout zam sou palmantè yo sou teren Bezbòl la mouri nan echanj kout zam ak lapolis.

XS
SM
MD
LG