Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Etazini an Arete yon Anplwaye Tanporè Poutèt li Ta Bay yon Jounal Enfòmasyon Top-Sekrè


Ajans Sekirite Nasyonal Ameriken an--National Security Agency (NSA) nan Fort Meade, Maryland.
Ajans Sekirite Nasyonal Ameriken an--National Security Agency (NSA) nan Fort Meade, Maryland.

Depatman Jistis Etazini an arete yon anplwaye tanporè paske, dapre sa otorite yo fè konnen, li voye enfòmasyon top-sekrè bay yon jounal ki parèt sou entènèt ki rele INTERCEPT. Jounal la anonse lendi 5 jen 2017 la li resevwa yon dokiman konfidansyèl ki montre sèvis espyonaj militè Larisi te eseye komèt zak piratri sou rejis elektoral ameriken an anvan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan peyi a ane 2016 pase a.

Yon ajan espesyal biwo ankèt federal la, (FBI) prezante yon dokiman ofisyèl ke yo rele afidavi ki fè konnen Reality Leigh Winner se non ti dam nan, otorite yo arete a. Mis Winner admèt li te enprime materyèl ransyèyman sansib pou voye bay yon ajans nouvèl isit Ozetazini.

Ajan espesyal FBI la presize nan afidavi li prezante a tou, yon ajans espyonaj ameriken detèmine nan ankèt ki fèt sou kesyon an gen 6 moun ki enprime dokiman an, pami yo Reality Winner, e ke se limenm sèlman ki gen nan kontak imèl li yon ajans nouvèl yo pa idantifye.

Nan vil Moskou nan peyi Larisi , pòtpawòl Kremlen an Dmitry Peskov deklare madi 6 jen an, Larisi rejte ak tout fòs li akizasyon kòmkwa li te eseye enfiltre sistèm vòt ameriken an. Prezidan ris la, Vladimir Putin, te deja demanti akizasyon an.

XS
SM
MD
LG