Seksyon 1. Respè pou entegrite fizik yon moun -sa gen ladan l Libète kont:
a. Wete Lavi Moun yon fason Abitrè ak lòt Asasina Ilegal oubyen ki fèt pou Rezon Politik.
Anpil nouvèl te pale de asasina abitrè ak ilegal ke gang ame te komèt e gang sa yo ta swadizan jwenn apui ak pwoteksyon manm gouvènman an. Biwo Enspektè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH) te responsab pou l mennen ankèt e chache konnen si asasina ke polisye yo te komet te jistifye epi refere swadizan asasina illegal yo devan komisè gouvènman an.
Te gen 960 ka asasina rapòte ant janvye ak fen mwa septanm, daprè Biwo Entegre Nasyon Zini ann Ayiti (BINUH). Komisyon Katolik pou Lapè ak Jistis te lage responsablite pi fò asasina yo sou do gang k ap goumen antre yo e li te mande gouvènman an mennen ankèt sou “fòs kache” ki te dèyè lanmò sa yo. Nan mwa jen an, Fondasyon Je Klere te pibliye yon rapò kote l te di te gen plis pase 150 gang aktif nan peyi a e, daprè fondasyon an, gang sa yo jwenn yon sipò aktif nan men gouvènman an.
Rezo Nasyonal Defans Dwamoun (RNDDH) te rapòte atak 2 gang nan katye Site Solèy nan mwa me ak jen, kote yon afè de 34 moun te mouri. Nan mwa jiyè, atak gang te koze lanmò 50 moun, yo te vyole 15 fanm epi 30 moun te disparèt, toujou daprè RNDDH. Nan dat 31 out, yon atak gang te fè nan katye Bèlè, nan Pòtoprens, te touye omwens 12 moun, dapre sa laprès te rapòte. Dapre rapò RNDDH, yon ansyen polisye, Jimmy Chérizier, te nan tèt youn nan gang yo. Nouvèl laprès ak rapò militan dwamoun fè konnen Chérizier gen machin ak ekipman gouvènman an a la dispozisyon li e l ap travay pou l inifye plizyè gang.
BINUH ak plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la rapòte vyolans gang nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak nan Depatman Latibonit te ogmante nan moman gang yo t ap eseye elaji tèritwa ki anba kontwòl yo. An jen, Nasyon Zini te rapòte kantite manm gang ak lidè gang lapolis te arete te ogmante, sòti nan 169 an janvye ak fevriye, pou rive nan 232 an mas ak avril. Gwoup nan sosyete sivil la te fè konnen gang yo te gen rapo sere-sere avèk elit politik e ekonomik yo ki swa t ap pwoteje gang yo pou lapolis pa t arete yo, swa te f è libere yo aprè arestasyon yo.
Atakan te touye plizyè ofisyèl ak pèsonalite piblik enpòtan –pami yo te genyen yon jij nan Pòtoprens, Fritz Gerald Cérisierin nan mwa jen, ak Monferrier Dorval, Prezidan Bawo Avoka Pòtoprens la nan dat 28 out. Atakan enkoni te touye Dorval devan pòt kay li. Otorite yo di yo kontinye ap mennen ankèt sou asasina Cérisierin an, men yo pa gen yon sispèk. Pakè Pòtoprens anonse arestasyon 3 sispèk nan ka asasina Dorval la.