Lamezonblanch deklare Vandredi Etazini pral enpoze sanksyon kont Prezidan Ris la Vladimir Putin ak Minis Afe Etranje Sergei Lavrov nan moman Washington ap chache ogmante presyon sou Moskou apre envazyon La Risi nan Ikrèn.
'Nou La e Se La Nap Rete' Prezidan Ikrenyen an Deklare Pandan Twoup Ris yo ap Vanse
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pibliye yon videyo ki montre limenm ak konseye wo plase li yo nan Kyev ap rasire peyi a nan moman twoup Ris yo ap vanse sou kapital la.
Nan videyo a, ke Zelenskyy anrejistre nan lari devan biwo prezidansyèl la li di wo responsab gouvènman an pral rete nan kapital la.
"Twoup nou la, sitwayen nou la," Zelenskyy deklare e li ajoute "Nou tout isit la pou pwoteje endepandans peyi nou. E bagay yo pral rete konsa. Glwa pou defansè nou yo, Glwa pou Ikrèn, Glwa pou Ewo nou yo."
Twoup Ris yo ap vanse sou kapital Ikrèn nan Vandredi, kote moun te tande kout zam ak eksplozyon tou pre katye kote bilding leta yo sitye.
Nan moman kote lagè ak dewoule, li pa klè konbyen rejyon peyi a ki rete sou kontwol Ikrèn ni konbyen vil fos Ris yo sezi. Kremlen an aksepte of Kyèv fè pou chita pale, men sanble se ta yon efo pou fose prezidan Ikrenyen an fè konsesyon, olye yon veritab jès pou jwenn yon solisyon diplomatik.
Videyo yon jounalis ki fe repòtaj sou kestyon ki gen rapò ak defans kapte nan vil Kyèv, Ikrèn.
Nan Brussels, yon konferans pou lapres pou diskite sou sityasyon Ikren nan. Pale ak lapres sa a fet apre yon some ekstraodine Inyon Ewopeyen an fe pou diskite sou kriz Ikren nan ak konsekans li genyen sou Ewop.