Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Siyen 4 Dekrè K Ap Pote Chanjman nan Endistri Famasetik la


Prezidan Trump ki t ap siyen dekrè yo nan yon seremoni ki t ap dewoule nan La Mezon Blanch nan Washington, DC., vandredi 24 jiyè 2020 an.
Prezidan Trump ki t ap siyen dekrè yo nan yon seremoni ki t ap dewoule nan La Mezon Blanch nan Washington, DC., vandredi 24 jiyè 2020 an.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen 4 dekrè nan jounen vandredi 24 jiyè 2020 an. Objektif youn nan dekrè sa yo se bese pri sitwayen ameriken yo peye pou medikaman nan moman Misye Trump ap fè fas ak yon batay difisil pou l jwenn yon 2èm manda sou pouvwa a, tandiske li anba gwo kritik poutèt fason li jere lit kont pandemi kowonaviris la. Lidè ameriken an te deja pwopoze pi fò nan seri chanjman dekre li siyen vandredi yo anonse; sepandan se pou la premyè fwa administrasyon li a mete yo nan yon lòd egzekitif prezidan an siyen.

Youn nan dekrè yo fè konnen ameriken yo genyen dwa kounyela a pou yo enpòte medikaman preskri ki pi bon mache nan peyi etranje tankou Kanada, tandiske, daprè Prezidan Trump, yon lòt lòd egzekitif egzije yon diskont nan men konpayi famasetik ki itilize sèvis yon demachè pou fè medikaman yo rive jwenn moun ki malad yo.

Objektif yon 3èm dekrè se bese pri moun peye pou ensili, tandiske yon 4èm ta oblije yon moun posede MEDICARE pou li achte medikaman pou menm pri yo vann menm medikaman sa yo nan nenpòt ki lòt peyi. (MEDICARE se asirans sante gratis gouvènman federal la bay sitwayen ameriken ki aje yo). Sepandan, daprè Prezidan Trump, 4èm dekre sa a pa p antre an aplikasyon si negosyasyon administrasyon li a pral fè ak konpayi pwodui famasetik yo debouche sou bon rezilta.

Vrèmanvre, toujou selon Misye Trump, prezidan-direktè-jeneral kèk nan pi gwo antrepriz prive k ap travay nan endistri famasetik la deja mande yon rankont pou yo fè chita-tande ak reprezantan gouvènman an sou mwayen ki ka pèmèt yo bese pri yo. Afen direktris MEDICARE la, Seeman Verma, deklare: “ Nou pral wè sa k ap sòti nan diskisyon sa yo; sepandan ajans nou a pare pou l pouse pou pi devan.”

XS
SM
MD
LG