Accessibility links

Breaking News

Plis Reyaksyon Sou Deklarasyon Prezidan Préval la


Prezidan René Préval
Prezidan René Préval

Plis reyaksyon kontinye tonbe aprè Prezidan René Préval te di li pare pou l rete sou pouvwa a rive jous 14 me 2011 si pa gen yon nouvo Chèf Deta ki eli anvan dat 7 fevriye 2011 la.

Youn nan dènye vwa an dat ki leve pou rejte anons Prezidan Préval la, se ansyen senatè Edmonde Supplice-Beauzile, manm yon gwoup ansyen palmantè k ap mande anilasyon eleksyon jeneral 28 novanm pase a ki, daprè yo, te plen ak koken, plen ak iregilarite.

Madam Suplice-Beauzile pale pou l di: «Deklarasyon Prezidan Préval la se yon zak rebelyon e se yon ensilt pou anpil moun. »

Youn nan rezon Misye Préval bay pou jistifye lide pou l rete sou pouvwa a apre 7 fevriye 2011, se le fèt ke li te prete sèman kòm prezidan nan dat 14 me 2005, swa plis pase 3 mwa apre dat ofisyèl lalwa fikse pou yon nouvo Chèf Deta ayisyen monte sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG