Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Prezidan Ameriken an Nan Okazyon 1er Ane Tranblemanntè a


Prezidan Barack Obama (foto achiv)
Prezidan Barack Obama (foto achiv)

Prezidan ameriken an ap onore memwa plis pase 200 mil ayisyen ki te peri nan kokenn tranblemanntè ki devaste plizyè Depatman nan peyi Dayiti 12 janvye ane pase a.

Prezidan Obama pibliye yon kominike nan okazyon premye anivèsè trajedi a kote li di pèp ayisyen an kontinye sèvi l enspirasyon ak kominote dinamik ayisyen ameriken an, ki li di te fè fas ak kokenn pèt inimajinab sa a ak yon kouraj e ak yon fwa ekstwòdinè.

Prezidan Obama lanse apèl bay Kominote Entènasyonal la pou mande l respekte angajman li te pran ane pase pou ede repiblik karayib la. Chèf Mezon Blanch ajoute ede nasyon ki pi pòv nan emisfè oksidantal la sòti anba youn nan pi move dezas natirèl ki frape emisfè pral pran dèzane, si se pa dèdizèn lane.

XS
SM
MD
LG