Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Konsèy Sekirite L'ONU Sou Ayiti


Deklarasyon Konsèy Sekirite L'ONU Sou Ayiti
Deklarasyon Konsèy Sekirite L'ONU Sou Ayiti

Konsèy Sekirite l'ONU an reafime jan li mete enpòtans nan dwa granmoun peyi Dayiti, endepandans li, respè pou teritwa li e nan inite peyi a, e li souliyen ke se gouvènman ak pèp ayisyen an ki gen premye responsablite pou tabli lapè ak estabilite e travay pou remete peyi a sou pye l. Konsèy la byen akeyi kontribisyon kominote entènasyonal la nan mouvman pou bay Ayiti estabilite l, kote l ap ranfòse sistèm lalwa, lajistis, ak branch ekzekitif la.

Konsèy la fè tèt li konpliman pou mouvman eleksyon an k ap rapousib ann Ayiti e li souliyen jan li enpòtan pou mouvman sa a fèt yon jan pasifik, pou moun ka fè l konfyans e pou l ka lejitim, e se konsa l ap ka kontribye nan efò pou konsolide demokrasi, fasilite efò pou fini ak refòm k ap fèt sou baz manman lwa peyi a, e fòme yon baz solid pou rapousuiv rekonstriksyon peyi a. Konsèy la konsidere enpòtans kontribisyon MINUSTAH, Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), ak lòt òganizasyon entènasyonal, rejyonal ak sou-rejyonal nan aktivite politik la.

Konsèy la remèsye eta manm li yo ki soutni efò rekonstriksyon Ayiti a, e pami yo peyi ki bay moun pou fè travay polis nan MINUSTAH. Li remèsi anvwaye espesyal Sekretè Jenera la pou Ayiti, ansyen prezidan Etazini an, Bill Clinton, ak Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral la, anbasadè Edmond Mullet, ak manm MNUSTAH yo pou devoumna yo nan tout efò pou relve peyi a.

XS
SM
MD
LG