Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Anonse Sòlda Ameriken ki nan Siri yo Pral Kite Peyi sa a Imedyatman


Prezidan Donald Trump ki t ap fè laprès konnen sòlda ameriken ki nan Siri yo "pral retounen lakay yo e yo pral retounen kounye a menm."
(Foto: Mèkredi 19 desanm 2018).
Prezidan Donald Trump ki t ap fè laprès konnen sòlda ameriken ki nan Siri yo "pral retounen lakay yo e yo pral retounen kounye a menm." (Foto: Mèkredi 19 desanm 2018).

La Mezon Blanch fè konnen Lame amerikèn kòmanse wete twoup li yo nan Siri aprè Prezidan Trump te deklare Lêzetazini ak kowalisyon l ap dirije a ranpòte laviktwa sou Gwoup Eta Islamik la nan Siri. Yon deklarasyon ki konfime nouvèl la sòti nan La Mezon Blanch mekredi 19 desanm 2018 la imedyatman aprè Prezidan Trump te ekri sou kont Tweeter li pou l di:

“Lèzetazini ak kowalisyon l ap dirije a ranpòte lavikitwa sou Gwoup Eta Islamik la nan Siri. Prezans gwoup la nan Siri se sèl rezon ki te fè nou kite twoup militè ameriken nan peyi sa a.”

Pi ta nan jounen an, pandan lidè ameriken an te nan La Mezon Blanch, li te ajoute kòmantè sa yo:

“Nou ranpòte laviktwa sou Gwoup Eta Islamik la. Nou kale yo e nou kale yo lèd. Alòs, ti mesye nou yo, jenn medam nou yo, gason nou yo, yo tout pral retounen e yo pral retounen kounye a menm. Nou ranpòte laviktwa; se konsa nou vle sa, e se konsa sòlda nou yo vle sa. ”

Devlopman sa a pwovoke reyaksyon depaman nan Kongrè a. Senatè repibliken Lindsay Graham fè konnen li pa apiye desizyon sa a ditou:

Senatè Lindsey Graham (R-Kawolin di Sid) di desizyon Prezidan Trump la "se pa yon bon desizyon ditou".
Senatè Lindsey Graham (R-Kawolin di Sid) di desizyon Prezidan Trump la "se pa yon bon desizyon ditou".

“Mwen fè konpliman pou prezidan an poutèt l ap aplike yon politik agresif pou l mete kontwòl sou Iran. Men mwen panse desizyon li pran an ap minen pwogrè nou fè nan rejyon an. Lagè kont Islamism radikal la poko fini e li menm ka vin ranfòse. Nou fè yon bon travay kèk kote, nou pa tèlman fe bon travay lòt kote. Si m te chwazi pou m livre konba sa a, se pou n te lenbe li sou teren lennmi an e non pa sou tèritwa ameriken an.”

Sa pa gen lontan (semèn dènye a la sèlman), anvwaye espesyal Prezidan Trump nan kowalisyon entènasyonal pou konbat Gwoup Eta Islamik la, Brett McGurk, te deklare devan laprès: “Konba pou nou wete Gwoup Islamik la sou yon pou san tèritwa yo toujou okipe nan Siri a, se yon konba ki kapab dire plizyè mwa."

Jame Mattis, Minis Defans ameriken an.
Jame Mattis, Minis Defans ameriken an.

Daprè kalkil Pentagòn nan te fè nan mwa dout ane sa a, genyen yon afè de 13 mil konbatan Gwoup Islamik la toujou nan Siri kote Kalifa a (rejim gwoup la te vle enstale a) deja echwe. Minis Defans Lèzetazini an, Jim Mattis, ak lòt otorite ameriken wo-plase, yo menm tou te pale pou di yo ta pito wè sòlda yo rete pi lontan nan Siri pou yo kapab garanti ke Gwoup Islamik la pa kapab reparèt ankò kòm yon fòs nan Mayen Oryan an. Jiskaprezan twoup militè ameriken ki nan Siri yo ap travay sere-sere avèk yon kowalisyon ki gen ladan n yon alyans milisyen kurd avèk arab ki rele “Fòs Demokratik Siri yo”…

XS
SM
MD
LG