Accessibility links

Breaking News

Etazini: Poko Gen Negosyasyon Sou Dèt Nasyonal Peyi a


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Lidè Repibliken nan Chanm dè reprezantan Lèzetazini an eseye pran yon vòt sou plan pou peyi a ogmante plafon dèt li e koupe depans apre yo te fòse ranvwaye vòt la akoz opozisyon ki genyen nan pwòp pati l la ---Pati Repibliken an .

Sena a ke Repibliken yo kontwole te vote jedi 28 jiyè 2011 la sou yon plan prezidan Chanm depite a, repibliken John Boehner pwopoze pou ogmante plafon dèt peyi a rive nan 14 trilyon 300 milya dola epi kòm rezilta koupe 9 milya dola nan depans federal yo sou yon peryòd 10 zan.

Nan yon konferans pou laprès, mesye Boehner te parèt trè konfyan anvan vòt ki te gen pou dewoule a. Toujou nan menm jounen an, pòtpawòl Lamezon Blanch la Jay Carney te reponn kesyon jounalis.

Mesye Carney di: "Nou rete pozitif ke Kongrè a pral repran bon sans li , kote tèt poze ap pran devan , e konsa l ap jwenn yon konpwomi."

Lèzetazini pral nan enposibilite pou peye dèt li disi 2 out (ki donk madi pwochen) si kongrè a pa reyisi ogmante plafon dèt la, sa ki pral mete gouvènman nan yon move kondisyon.

Sepandan kèk manm enpòtan nan kan repibliken an (pami yo gen sa yo ki aliyen nan pati "iltra-konsèvatè” Tea Pati a) opoze ak plan mesye Boehner ki, daprè yo pa koupe ase nan depans federal yo.

Demokrat nan Chanm Depite a ak nan Chanm Sena a, yo menm tou kont plan sa a . Prezidan Obama menase pou sanksyone plan sa a ak yon veto l ---sa vle di rejete l --- si l pase nan Kongrè.

XS
SM
MD
LG