Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Deba a Ap Kontinye nan Sena a pou Elimine Oubyen Ranplase Sistèm Swen Sante ObamaCare la


 Kongrè ameriken an.
Kongrè ameriken an.

Lidè repibliken nan Sena a gen pwoblèm pou yo jwenn yon fason pou yo relanse efò yo pou repanse swen sante peyi a, men jiskaprezan yo poko rive jwenn yon antant ant zèl frajil pati a sou ki jan pou yo re-ranje pwojè a.

Plizyè repibliken reyini nan lide pou yo jwenn yon fòmil pou ranplase lwa sou swen sante ansyen Prezidan Barack Obama te siyen an ki rele " Affordable Act" ou ObamaCare. Avan sa a Prezidan Donald Trump te mande yo pou yo rete Washington pandan konje mwa dout la jiskaske yo elimine e ranplase plan Obamacare la.

Lidè majorite a, Senatè Mitch McConnell fè konnen semèn kap vini la a, li pral lanse yon apèl o vòt pou elimine sistèm swen sante ObamaCare la san yo pa ranplase l. Sepandan , Mesye Mc Connell presize pou l di li kapab tou mande pou elimine l e ranplase l.

XS
SM
MD
LG