Accessibility links

Breaking News

Deba yo ap kontinye sou Amandman Konstitisyon an ann Ayiti


Ann Ayiti, diferans ki egziste ant vèsyon amandman konstitisyon an jan palman an te vote l la ak vèsyon jounal ofisyèl «Le Moniteur» pibliye a, kapab pwovoke yon kriz si pouvwa ekzekitif la ak lejjislatif la pa mete tèt yo ansanm pou jwenn yon solisyon politik.

Se opinyon kèk analis ak palmantè ki te patisipe nan pwogram lib tribin « Dyaloge avèk Lèzetazini » ki te pase sou Lavwadlamerik mèkredi 18 me 2011 la. Envite yo sete : Senatè Jean-Hector Anacasis, Depite Fritz Chery, Jounalis Ady Jean-Gardy ak Avoka e Politològ Osner Fevry.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG