Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, Deba sou Dwa Sitwayen Yo Pou Yo Pote Zam Ap Kontinye


Jared Lee Loughner
Jared Lee Loughner
  • Plis moun kontinye fè kòmantè sou dwa ak fasilite sitwayen ameriken yo genyen pou yo jwenn e pote zam apre yon ensidan ki dewoule nan vil Tucson, nan Eta Arizona, kote depite ameriken Gabrielle Giffords blese, 6 moun mouri san bliye plizyè lòt ki blese anba bal yon eleman ki varye nan tèt. Yon magazin britanik mande pou lwa sou posesyon zam nan montre plis sansibilite.

Magazin The London Economist ekri yon editoryal sou fason ameriken yo pale de zam nan radyo, televizyon ak sou sit entènèt la. Magazin nan site kòm ekzanp ansyen kandida pou pòs vis-prezidan ameriken, Sara Palin, anvan eleksyon mi-manda ane pase a, te pibliye kat yon seri sikonskripsyon kote kandida demokrat yo te fèb: kat la te montre 2 zam ki kwaze. The London Economist site pwòp pawòl madan Palin ki te mande patizan n yo pa fè bak, men pito rechaje zam yo. Kandida Repibliken Sharon Angle te deklare gouvènman federal la bezwen yon 2èm amandman pou korije premye a ki pèmèt sitwayen yo pote zam.

Magazin nan lonje dwèt sou kèk mouvman zèl dwat ak zèl goch ki, dapre li, ap pale de yon swadizan rezistans ame pou konbat tirani. The London Economist atire atansyon sou sa li rele mank sivilite nan mitan òm ak fanm politik yo –yon bagay ki te egziste nan tan lontan-- san bliye liberal yo kap kritike animatè radyo ak televizyon pou langaj yo.

Magazin nan di souvan politisyen yo pale de yon krim ki tèt e yo bliye vrè responsab la: lwa sou dwa pou sitwayen ameriken yo pote zam nan.

XS
SM
MD
LG