WASHINGTON D.C. —
Ozetazini, Sena a pa rive adopte, nan jounen lendi 27 septanm nan, lejislasyon ki te ka evite yon fèmti pasyèl gouvènman federal la epi anpeche an menm tan Leta ameriken rate delè-limit ki fikse pou l peye dèt li.
Yon vòt ki dewoule sou kesyon an montre gwo divizyon ki egziste ant palmantè yo sou dosye sa a (50 kont 48), alòske règleman Gran Kò a mande yon majorite 60% pou yon lejislasyon pase.
Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.