Accessibility links

Breaking News

Deba ant 9 Kandida Repibliken Nan Bibliyotèk Prezidan Reagan nan nan Kalifòni


Deba ant 9 Kandida Repibliken Nan Bibliyotèk Prezidan Reagan nan nan Kalifòni
Deba ant 9 Kandida Repibliken Nan Bibliyotèk Prezidan Reagan nan nan Kalifòni

Kandida Pati Repibliken an kritike Prezidan Barack Obama nan moman yo t ap fè deba sou travay, swen sante, imigrasyon ak lot kesyon mèkredi 7 septanm 2011 la. Deba sa a, ki te dewoule nan bibliyotèk Prezidan Ronald Reagan nan nan Eta Kalifòni e ki te pase nan televizyon ak sou entènèt la, te prezante 9 repibliken ki deja deklare kandidati yo a la prezidans – pami yo genyen 2 kandida ki devan nan kous la, Gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry, ak ansyen gouvènè Eta Massachussetts, Mitt Romney. Tou 2 kandida sa yo bay detay sou pwogram yo genyen pou yo kreye travay; yo di eksperyans yo pral ede kreye pi bon djòb pase Prezidan Obama.

Sepandan, pou sa ki konsènen Misye Romney ak gouvènè Perry, yo youn choute sou lòt pou yo di advèsè a pa t kreye travay nan eta li a ak menm rapidite ke gouvènè ki te okipe plas la anvan n nan. Men sijè ki te pi chofe a, se te kesyon imigrasyon an ki sanble te jwenn yon pi gwo antant pami panelis yo: preske tout kandida yo dakò pou yo di Lezetazini dwe bati yon kloti sou tout fwontyè peyi a avèk Meksik pou bloke imigran ilegal. Se chèn televizyon NBC News ak sit entènèt Politico ki te patwone deba sa a ki te dure 1 è 45 minut. Se premye nan 3 deba ki gen pou fèt ant kandida repibliken pou pòs prezidan an nan 3 semèn.

XS
SM
MD
LG