Accessibility links

Breaking News

Okap: Dè Douzèn Moun Mouri Nan Eksplozyon yon Kamyon Petwòl


Moun kanpe sou sen kote yon kamyon gaz eksploze ta lendi swa Okap, 14 Dec. 2021. (Foto: Wilner Bossou / VOA)
Moun kanpe sou sen kote yon kamyon gaz eksploze ta lendi swa Okap, 14 Dec. 2021. (Foto: Wilner Bossou / VOA)

Responsab yo ann Ayiti fè kornen yon kamyon ki tap transpòte petwòl sote epi touye plis pase 50 moun. Dapre nouvel yo gen dè douzèn lòt ki blese.

Premye Minis Ariel Henry deklare Madi ke eksplozyon an te fèt pandan lannwit Lendi nan vil Kap Ayisyen.

Pa gen okenn lòt detay ki disponib pou kounyea.

Lapolis pat reponn apel Associated Press maten an.

Yon temwen di li te wè moun ap ranmase gaz nan kamyon ak bokit.

Eksplozyon sa a rive nan moman kote a ap fè fas ak yon rate gaz sevè, epi pri gaz la ki monte 17 wotè.

XS
SM
MD
LG