Accessibility links

Breaking News

DCPJ Ap Kesyone 2 Sitwayen Meksiken Ki Te Rive nan Vil Okay Abò yon Ti Avyon Sispèk


2 sispèk sitwayen meksiken ak yon konplis ayisyen lapolis arete nan Okay.
2 sispèk sitwayen meksiken ak yon konplis ayisyen lapolis arete nan Okay.

Direksyon Santral Polis Jidisyè ayisyen an ap kesyone 2 sitwayen Meksiken ki te abò yon ti avyon ki fè yon aterisaj fòse nan Sen JeanduSud weekend pase a.

Dapre premye eleman ankèt la Vargas Flores Andres ak Avila Juan Jose te soti Beliz pou al chache 900 kilogran kokayin OVenezuela pou pote l nan Gwatemala pou 300 mil dola. Sispèk yo te resevwa yon avans 20 mil dola ke yo te ofri popilasyon an ki piye aparèy la.

Yon ayisyen te akonpaye sispèk yo nan vil Okay kote komisè ai Renald Richmond arete yo nan yon mezon kote yo te kache. Otorite yo arete chofè a ki t ap pare pou l menen sispèk yo nan lòt destinasyon.

XS
SM
MD
LG