Accessibility links

Breaking News

Deba Kandida Prezidansyèl Pati Repibliken an Sou Sekirite Nasyonal


Kandida pou reprezante pati Repibliken an nan pwochèn eleksyon prezidansyèl yo te patisipe nan yon deba sou fason pout rete ak Pakistan, Afganistan e ak pwogram nikleyè Iran an.
Kandida pou reprezante pati Repibliken an nan pwochèn eleksyon prezidansyèl yo te patisipe nan yon deba sou fason pout rete ak Pakistan, Afganistan e ak pwogram nikleyè Iran an.

Isit Ozetazini, kandida pou reprezante pati Repibliken an nan pwochèn eleksyon prezidansyèl yo te patisipe nan yon deba sou fason pou trete ak Pakistan, Afganistan e ak pwogram nikleyè Iran an.

Deba sa a te dewoule yè swa nan Washington. Pou kesyon konsènan asistans Etazini pou peyi Pakistan, gouvènè eta Texas la Rick Perry fè konnen li t ap koupe èd yo akondisyon Pakistan pwouve li gen nan tèt li pi bon entèrè Lèzetazini.

Sepandan Depite Minnesota a, Michele Bachman, di asistans amerikèn nan nesesè pou mete an sekirite pwogram zam nikleyè Pakistan an e kenbe l kòm yon alye nan lut kont teworism nan.

Toujou nan kad deba sa a , sou dosye imigrasyon ilegal, ansyen prezidan Chanm depite a, Newt Gingrich, te twouve l an dezakò ak advèsè l yo nan pati repibliken an lè li lanse apèl pou yon apwòch «imen».

Pou premye fwa nan semèn nan , Gingrich twouve l nan tèt sondaj nan opinyon nasyonal la nan kous pou jwenn nominasyon Pati Repibliken nan pwochèn eleksyon prezidansyèl yo.

Lòt kandida ki te patisipe nan deba yè swa yo , se ansyen gouvènè Eta Massachussetts Mitt Romney ak ansyen gouvènè Utah a John Huntsman ki te fè gwo boukantaj sou kesyon Afganistan. Lòt kandida ankò, se biznisman Herman Cain.

XS
SM
MD
LG