Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Daprè yon Rapò Gouvènman Ameriken an, Ant 46 ak 85 Mil Moun Mouri nan Tranblemanntè a


Ayiti: Daprè yon Rapò Gouvènman Ameriken an, Ant 46 ak 85 Mil Moun Mouri nan Tranblemanntè a
Ayiti: Daprè yon Rapò Gouvènman Ameriken an, Ant 46 ak 85 Mil Moun Mouri nan Tranblemanntè a

Yon rapò gouvènman ameriken an kòmande fè konnen genyen mwens moun ki mouri ou ki pa genyen kay pou yo rete ke kantite gouvènman ayisyen an anonse nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la nan peyi Dayiti.

Ajans nouvèl yo ki jwenn yon kopi rapò a di dokiman an estime bilan moun ki peri nan katastwòf la ap balanse ant 46 ak 85 mil mò---pi ba lontan pase sa gouvènman ayisyen an te anonse e ki te deklare se apeprè yon demi-milyon moun ki mouri nan tranblemanntè a.

Rapò a kesyonnen tou chif otorite Nasyonzini yo ki endike se apeprè 680 mil moun ki pa genyen kay pou yo rete apre trajedi a. Nouvo gouvènman Prezidan Michel Martelly a poko fè okenn kòmantè sou dokiman an, ki se yon travay Ajans Ameriken Pou DevlopmanEntènasyonal, USAID. USAID poko pibliye dokiman an.

Yon pòtpawòl Depatman Deta ameriken di Ajans nouvèl Associated Press chaje "incohérences" nan rapò a e yo pa pral pibliye li anvan yo rezoud pwoblèm sa a.

XS
SM
MD
LG