Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Entèdiksyon Depa yo Jistifye, daprè Komisè Gouvènman D. Léger


Balans lajistis pa gen fòs kote.
Balans lajistis pa gen fòs kote.

Ann Ayiti, komisè gouvènman Pòtoprens la, Danton Léger, bay yon konferans pou laprès lendi 11 avril 2016 la, kote li debat dosye diferan manm ansyen rejim nan ki tonbe anba entèdiksyon depa –pami yo genyen yon ansyen minis finans ak yon pititgason ansyen Prezidan Michel Martelly, an palan de Olivier Martelly. Mèt Léger rejte pawòl kap di desizyon li a chita sou revanj; daprè li, pakè Pòtoprens la genyen bon jan prèv kont tout moun konsène yo.

NOUVEL AYITI POU MADI 12 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:35 0:00

Prezidan komisyon etik ak anti-koripsyon sena a, Youri Latortue, konfime nouvèl ki fè konnen komisyon an pral resevwa semèn sa a 4 ansyen Premye Minis pou yo reponn kesyon sou fason yo te jere lajan Petro Caribe a. 4 ansyen chef gouvènman say o se: Michelle Duvivier Pierre-Louis, Max Bellerive, Laurent Lamothe ak Evans Paul. Senatè Latortue di yon 5èm ansyen Premye Minis, Garry Conille, va reponn enVitasyon komisyon an apre, paske Misye Conille twouve l kounyela a sou kontinan afriken an.

Yon delegasyon depite te resevwa, nan jounen lendi 11 avril la, nouvo Premye Minis ayisyen an, Enex Jean-Charles, ak 2 manm kabinè li a, swa minis enteryè a ak minis finans la. Daprè Depite Abel Descollines, rankont sa a te santre sou dispozisyon chanm bas la pran pou l vote anvan lontan sou kèk pwojè-lwa ou pwopozisyon-lwa kap tann desizyon palmantè yo depi lontan deja, sitou lejislasyon ki konsène kolektivite teritoryal yo.

Otorite lajistis ak lapolis nan rejyon sid peyi d Ayiti lanse yon operasyon yo rele “Koukouwouj dèyè Bandi” avèk objektif pou yo mete men sou delenkan kap simaye latèrè nan depatman an. Yo lanse operasyon an pa lontan aprè bandi ame te touye espesyalis nan devlopman touristik Robert Anglade nan zòn Les Anglais, ak yon komèsant, Yvette Chéry, tou prè vil Aquin nan wikenn pase a.

XS
SM
MD
LG