Accessibility links

Breaking News

Rankont nan La Mezon Blanch sou Avni Plizyè Milye Jenn Imigran Ozetazini


Prezidan Trump ak yon delegasyon Senatè ak Depite nan La Mezon Blanch, madi 9 janvye 2018 la. Deba sou avni plizyè milye jenn imigran ki te antre Ozetazini san papye legal pandan yo te timoun.
Prezidan Trump ak yon delegasyon Senatè ak Depite nan La Mezon Blanch, madi 9 janvye 2018 la. Deba sou avni plizyè milye jenn imigran ki te antre Ozetazini san papye legal pandan yo te timoun.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, rankontre nan jounen madi 9 janvye 2018 la ak kèk palmantè enpòtan nan Kongrè a pou yo te diskite sou politik imigrasyon Lèzetazini; men li pa sanble 2 kan yo sou wout pou yo jwenn yon antant imedyatman sou fason pou yo pwoteje plizyè santèn milye imigran ki te antre nan peyi a ilegalman ak paran yo pandan yo timoun. Sete tèm prensipal rankont sa a.

Diskisyon sa yo dewoule nan La Mezon Blanch nan moman Mesye Trump ak Kongrè a te deja ap fè fas ak yon dèle, k ap pran fen nan dat 19 janvye 2018 la, pou yo jwenn yon akò sou yon bidjè ki pou pèmèt gouvènman federal la kontinye travay jis nan fen mwa septanm pwochen an.

Sa pa gen lontan, La Mezon Blanch ak Kongrè a te jwenn yon antant tanporè sou kesyon bidjè a; men yo poko jwenn yon solisyon definitif sou kesyon an pou tout rès ane fiskal 2018 la.

XS
SM
MD
LG