Accessibility links

Breaking News

Jistis USA: Kou Siprèm Etazini an Di Administrasyon Trump la Dwe Kite Plis Jenn Moun Aplike pou Pwogram DACA a


Nan dat 18 jen 2020, yon gwoup etidyan ki benefisye de Pwogram DACA a t ap selebre an fas Kou Siprèm Etazini an apre pi gwo tribinal peyi a te rejte efò Prezidan Donald Trump t ap fè pou l mete fen nan pwoteksyon legal jenn imigran yo genyen kont depòtasyon…
Nan dat 18 jen 2020, yon gwoup etidyan ki benefisye de Pwogram DACA a t ap selebre an fas Kou Siprèm Etazini an apre pi gwo tribinal peyi a te rejte efò Prezidan Donald Trump t ap fè pou l mete fen nan pwoteksyon legal jenn imigran yo genyen kont depòtasyon…

Ozetazini yon tribinal federal pran yon desizyon ki di administrasyon Trump la fèt pou l kite plis etranje aplike pou yon pwogram ki pwoteje jenn imigran yo kont depòtasyon. Yon tribunal sivil nan Eta Maryland, ki pran desizyon an vandredi 17 jiyè a, fè konnen gouvènman an dwe retabli totalman, pou la premyè fwa nan 3 zan, pwogram ki rele DACA a ki pèmèt jenn imigran latino-ameriken ki te antre ilegalman nan peyi a avèk paran yo pandan yo te piti. Tribinal la pran desizyon sa a aprè Kou Siprèm Etazini an te pran yon vèdik sou dosye a kote li te deklare administrasyon an te mete fen nan pwogram nan yon fason ki pa t apwopriye. Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Ameriken an fè konnen li pral revize desizyon an.

Mwa pase a, Kou Siprèm nan te deside ke jistifikasyon administrasyon Trump la te bay pou l elimine pwogram DACA a an 2017, se yon jistifikasyon ki pa konfòm avèk lalwa. Sepandan, pi gwo tribinal nan peyi a pa t di anyen sou kesyon pou konnen èske benefisyè DACA yo te genyen dwa pou yo rete an pèmanans Ozetazini; desizyon an pa t di non plis si Kou Siprèm nan te anpeche Prezidan Trump eseye elimine pwogramm nan yon lòt fwa ankò.

DACA se yon pwogram ki te antre an aplikasyon sou administrasyon Obama a e ki pwoteje anviwon 700 mil jenn imigran kont depòtasyon. Apre Administrasyon Trump te rive sispann pwogram nan an 2017, se sèlman jenn etranje ki te deja enskri ladan l ki te gen dwa renouvle pwoteksyon yo.

Militan k ap defann dwa imigran yo fè konnen aktyèlman gen plizyè milye lòt jenn imigran ki vin gen laj ki nesesè (15 zan) pou yo aplike pou pwogram DACA a depi pwogram nan te sispann resevwa nouvo aplikasyon an 2017. Semèn pase a Prezidan Donald Trump, ki t ap fè yon entèvyou ak chèn televisyon latino-ameriken Telemundo, te fè konnen li gen pou siyen anvan lontan yon dekrè sou imigrasyon ki va gen ladan l yon mwayen pou imigran ki nan pwogram DACA yo vin sitwayen ameriken. Sepandan, imedyatman apre entèvyou Prezidan Trump la, pòtpawòl Mezon Blanch la, Judd Deere, te pibliye yon deklarasyon ki te fè konnen dekrè sa a “pa p ofri pèsonn okenn amnisti.”

Deklarasyon La Mezon Blanch la fè konnnen dekrè prezidansyèl la pral tabli yon sistèm imigrasyon ki baze sou merit, sou konpetans, e li repete ke Prezidan Trump pral travay avèk Kongrè a pou yo jwenn yon lejislasyon “k ap gen ladan l sitwayènte ansanm avèk bon jan sekirite sou fwontyè peyi a, mete sou refòm pèmanan nan sistèm imigrasyon an ki baze sou merit”, men pa p gen amnisti.

Senatè Ted Cruz, yon Repibliken Eta Tegzas, kritike deklarasyon Prezidan Trump fè sou Telemundo yo paske, dapre sa palmantè a ekri nan yon tweet, “yon Prezidan pa genyen okenn otorite konstitisyonèl pou l kreye yon wout ki debouche sou sitwayènte gras ak yon dekrè prezidansyèl sèlman.” Nan ane ki pase yo, depite ameriken yo te eseye plizyè fwa pase kèk lwa pou yo fè refòm an pwofondè nan sistèm imigrasyon an; sepandan efò sa yo te echwe akoz gwo divizyon ki egziste ant fason palmantè repibliken yo ak mannyè kòlèg demokrat yo ta renmen fè refòm yo.

XS
SM
MD
LG