Plizyè milye moun ki sèvi ak kourye elektwonik Outlook Microsoft la rapote pwoblèm pou branche sou platfom nan Lendi maten.
Pwoblèm Microsoft 365 yo tanmen apre 11 zè nan maten, e gen prèske 18,000 moun ki te afekte, dapre Downdetector, ki trake pwoblèm sa yo.
Plent yo sanble diminye depi lè a.
Microsoft di lap envestige pwoblèm moun ap konfwonte pou itilize vesyon web Outlook la.
Nan yon mesaj li pibliye sou kont ofisyèl Twitter li, Microsoft 365 te di pwoblèm yo sanble afekte tou Microsoft Teams, Sharepoint Online, epi OneDrive pou Biznis.