Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Cristobal Ap Pran Fòs e Li Menase Kèk Rejyon Ozetazini


Tanpèt Twopikal Cristobal ki t ap pran direksyon nò pandan li t ap travèse Gòlf Meksik la nan jounen 7 jen 2020 an. (Fofo satelit).
Tanpèt Twopikal Cristobal ki t ap pran direksyon nò pandan li t ap travèse Gòlf Meksik la nan jounen 7 jen 2020 an. (Fofo satelit).

Tanpèt twopikal Cristobal kapab pran plis fòs si li fè fizyon avèk yon lèt sistèm k ap sòti nan direksyon lwès; yo kapab fòme yon gwo kokenn siklòn, daprè previzyon espesyalis meteo yo. Aprè Cristobal fin lage kèk gwo frap sou pati sid Etazini, espesyalis yo fè pwonostik pou di restan tanpèt la pral ranmase van fò, gwo gren lapli ak loraj danjere madi 9 jen an sou pi fò pati peyi a ki rele “Midwest” la, ou byen pati santwest la.

Meteyològ Greg Carbin, ki se sipevizè nan sèvis previzyon Sant Pwonostik Meteo Ameriken an, nan vil College Park, nan Eta Maryland, fè konnen yon gwo sistèm k ap pase kounyela a sou rejyon Montay Wochez yo, pral rankontre ak Cristobal e yo tou lè 2 pral fè yon sèl. Misye Carbin deklare:

“2 sistèm yo pral mete ansanm pou yo tounen yon gwo kokenn siklòn. Se yon entèraksyon atmosferik enteresan nou pral gen pou n konstate pandan 2 jou k ap vini la yo.”

Dapre Sèvis Nasyonal Meteo ameriken an, kèk gwo van ki pral soufle avèk yon vitès 72 kilomèt alè omwens, gen pou pase sou vil Chikago vè nannuit jounen madi a. Responsab yo bay moun k ap vwayaje sou bato pou yo pran anpil prekosyon nan rejyon Lak Michigan an madi ak mèkredi; paske anpil gwo van pral soufle nan rejyon sa a.

XS
SM
MD
LG