Accessibility links

Breaking News

Peyi Zanmi Dayiti yo Atravè Kò Gwoup la Di yo Kondane Manifestasyon Vyolan yo nan Peyi a


Yon pòz foto ant ,Kò Gwoup la ki gen ladan Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini yo, anbasadè peyi Almay, Brezil, Kanada, Espay, Etazini Damerik, Lafrans, Inyon Ewopeyèn ak Reprezantan Espesyal nan Òganizasyon Ameriken an, ak premye Minis Ayisyen an Jean Henry Céant.
Yon pòz foto ant ,Kò Gwoup la ki gen ladan Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini yo, anbasadè peyi Almay, Brezil, Kanada, Espay, Etazini Damerik, Lafrans, Inyon Ewopeyèn ak Reprezantan Espesyal nan Òganizasyon Ameriken an, ak premye Minis Ayisyen an Jean Henry Céant.

Pòtoprens, 22 Novanm 2018-Kò Gwoup la ki konpoze ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini yo, anbasadè peyi Almay, Brezil, Kanada, Espay, Etazini Damerik, Lafrans, Inyon Ewopeyèn ak Reprezantan Espesyal nan Òganizasyon Ameriken an di li rejte zak vyolans ki te fèt nan manifestasyon yo atravè peyi Dayiti nan jou ki sot pase yo.

Manm Kò Gwoup la di yo tris anpil pou moun ki pèdi lavi yo pandan dewoulman manifestasyon yo; gwoup la ofri kondoleyans li bay fanmi ak pwòch viktim yo.

Gwoup la di tou li vle fè tout moun sonje ke zak vyolans pou chèche pwovoke demisyon otorite lejitim yo pa gen plas nan pwosesis demokratik la. Gwoup la salye angajman Egzekitif la pou kontinye dyalòg la epi mande pou yon konsètasyon enklizif ant tout aktè yo nan lavi nasyonal la pou jwenn yon solisyon nan kriz la ke peyi a ap travèse a kòm meyè fason pou rive pou rive satisfè atant popilasyon an.

Yo anrejistre anpil zak vyolans nan plizyè manifestasyon ki dewoule atravè peyi d' Ayiti kòmanse depi nan dat 17 oktòb 2018 ki raple komemorasyon Anperè Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an, aplis 18 novanm, ki raple 215 zan Batay Vètyè a pou endepandans peyi a ak grèv opozisyon lanse ki paralize aktivite ekonomik ak sosyal peyi a nan jou apre yo 18 novanm nan.

XS
SM
MD
LG