Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik: Pi Ansyen Manm Chanm Depite a Anonse Retrèt li nan Moman Lap Fè Fas ak Akizasyon Nuizans Seksyèl


Depite John Conyers (D-Mich.) ki te genyen bò kote li kèk gwo palmantè Demokrat, pandan li tap pale nan yon konferans pou laprès nan Kongrè ameriken an, nan Washington, D.C. (Foto: Dosye).
Depite John Conyers (D-Mich.) ki te genyen bò kote li kèk gwo palmantè Demokrat, pandan li tap pale nan yon konferans pou laprès nan Kongrè ameriken an, nan Washington, D.C. (Foto: Dosye).

Ozetazini, manm Chanm dè Reprezantan an ki okipe plas sa a pi lontan pase tout lòt depite ameriken, John Conyers (yon reprezantan demokrat Eta Michigan) anonse, nan jounen madi 5 desanm 2017 la li deside pran retrèt li nan moman anpil akizasyon ap tonbe sou do l pou di kòmkwa li te komèt nuizans seksyèl kont kèk dam ki tap travay pou li.

Misye Conyers -ki fè anons retrèt li a nan yon entèvyou li bay yon estasyon radyo- fè konnen li andose kandidati yon pitit-gason li, John Conyers 3, pou ranplase li nan Kongrè a kòm depite sikonskripsyon vil Detroit, nan Michigan.

John Conyers Pèr gen repitasyon kòm yon pèsonalite ki te defann egzèsis dwa sivik pou tout moun Ozetazini e se yon manm fondatè blòk palmantè nwa yo nan Kongrè a. Men, li tounen premye viktim yon vag akizasyon kap tonbe sou do divès gwo pèsonalite ameriken pou nuizans seksyèl; nou jwenn akize sa yo nan domèn endustri art dramatik ak sinema, laprès ak domèn politik la.

Depite John Conyers Pèr (agoch) avek kòlèg li Zoe Lofgren pandan yo te 2 manm pi ansyen nan komisyon afè jiridik Chanm Depite a.- ا
Depite John Conyers Pèr (agoch) avek kòlèg li Zoe Lofgren pandan yo te 2 manm pi ansyen nan komisyon afè jiridik Chanm Depite a.- ا

Misye Conyors –ki demanti tout akizasyon ki di li te komèt nuizans seksyèl- deklare: “Nou pap kite moun konpwomèt ni diminye eritaj nou avèk sitiyasyon difisil nap viv jounen jodi a. Move pas sa a, menm jan ak lòt yo, genyen pou pase. Eritaj mwen an pral kontinye avèk tavay pitit mwen yo.”

Depi kèk semèn divès medam leve lavwa pou yo akize Depite Contyers -ki genyen 88 ta- deske li te anbete yo seksyèlman. Pami fi sa yo genyen yon ansyèn pwòch kolaboratris li, Marion Brown, ki di Misye Conyers, ki te sipèvizè li, te tcheke l plizyè fwa sou yon peryòd ki depase 10 zan pou mande l antre nan relasyon seksyèl avèk li. Miss Brown, ki genyen 61 lane sou tèt li eki tpa pale nan pwogram Today sou chèn televizyon NBC, deklare yo te fin pa revoke li poutèt li pat aksepte avans seksyèl Misye Conyers yo.

XS
SM
MD
LG