Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sena a Rejte yon Pwopozisyon Lwa Ki Vize Mete Fen nan Kèk Pati Pwogram Swen Sante ObamaCare la


Kongrè Ameriken an.
Kongrè Ameriken an.

Isit Ozetazini, kèk èdtan apre Sena a fin vote pou tanmen deba sou eliminasyon lwa swen sante ansyen Prezidan Barack Obama a, legislate yo nan chanm wot la rejte yon pwopozisyon lwa ki vize menm objektif la. Senatè yo vote ak 43 vwa pou e 57 kont sou yon mezi ki pote siyati lidè majorite Repibliken an, Senatè Mitch McConnell.

Lidè majorite Repibliken an, Senatè Mitch McConnell.
Lidè majorite Repibliken an, Senatè Mitch McConnell.

Pwopozisyon lwa sa a, sil te pase nan Sena a, ta pral mete fen nan elajisman pwogram Medicaid la, yon pwogram ki ofri asirans maladi pou ameriken ki pa gen lajan. Li ta pral tou koupe sibvansyon ki la pou ede moun ki pa touche gwo jalan, e ki vle achte plan asirans maladi nan men konpayi prive yo.

Anplis de sa, Senatè McConnell te vle elimine amand moun ta dwe peye leta si yo pa achte asirans maladi. Pwopozisyon lwa lidè majorite repibliken an te mache ak yon amandman senatè eta Texas la, Ted Cruz, ki te pwopoze yon plan kote konpayi asirans yo tap mete sou mache a yon asirans ki mwen jenere, kidonk pi chè pase sa lwa sou swen sante Obamacare la ofri.

XS
SM
MD
LG