Accessibility links

Breaking News

CONCACAF Anonse Faz Eliminatwa Mondyal Foutbòl Feminen an


Gen 8 peyi ki pral kouri dèyè kalifikasyon yo nan konpetisyon sa a kap dewoule nan Cancun ak nan Playa del Carmen o Meksik soti 28 oktòb pou rive 8 novanm.

Numewo 1 mondyal la , Etazini ap jwe nan Gwoup B a kont Ayiti, Kosta-Rika ak Gwatemala. Peyi oganizatè li menm ap nan gwoup Guyana, Kanada ak Trinidad-Tobago.

2 premye nan chak gwoup ap kalifye pou semi-final. 2 finalis yo ap kalifye pou Mondyal 2011 la ann Almay---yon konpetisyon k ap dewoule soti 26 juin pou rive 17 jiyè nan 9 vil alamnd.

XS
SM
MD
LG