Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Ap Kòmanse yon Vizit 5 Jou nan Kolonbi Mèkredi 6 Septanm 2017 la


Nan yon mach pou mande prete atansyon sou chanjman klimatik la nan lemond, mè ak lòt moun nan popilasyon sivil la nan Bogota, Kolonbi, pote yon pannkat ki gen foto Pap Franswa ladan e ki ekri an lang panyòl, "Nan non Bondye nou mande ou defann manman Latè," Bogota, Kolonbi 29 novanm 2015.
Nan yon mach pou mande prete atansyon sou chanjman klimatik la nan lemond, mè ak lòt moun nan popilasyon sivil la nan Bogota, Kolonbi, pote yon pannkat ki gen foto Pap Franswa ladan e ki ekri an lang panyòl, "Nan non Bondye nou mande ou defann manman Latè," Bogota, Kolonbi 29 novanm 2015.

Pandan Pap la nan Kolonbi, gen anpil chans pou l eseye elimine dènye obstak ki sou wout lapè ant gouvèman an ak gwoup guerrilla yo.

Pap Franswa ap rive mèkredi 6 septanm 2017 la nan vil Bogota, kapital peyi Kolonbi, pou yon visit 5 jou. Souvren Pontif la ap fè visit sa a pou l kenbe yon pwomès li te fè pou ale Kolonbi yon fwa gouvènman peyi sa a ak gwoup guerrilla yo ta jwenn yon akò pou yo mete fen nan yon gè sivil ki dire plis pase 50 ane.

Pap la te fè pwomès sa a an 2016 epi kèk mwa apre sa lidè gwoup guerrilla FARC ak gouvènman an te siyen yon akò lapè pou mete fen nan lagè a. Nan yon referendòm gouvènman Prezidan Juan Manuel Santos la te òganize, majorite pèp kolonbyen an te rejte akò a, men kongrè a te vin apwouve l nan mwa novanm menm ane a.

Prezidan Santos ta ranpòte Pri Nobel Lapè a pou efò li te fè pou l jwenn lapè; men jiskaprezan yon majorite sitwayen kolonbyen yo pa dakò ak antant la.

Lè Pap Franswa va rive Kolonbi, gen anpil chans pou l eseye elimine dènye obstak ki egziste toujou sou wout lapè a. Gen anpil ane depi Souvren Pontif la ak Vatikan an ap fè efò pou yo garanti lapè nan peyi sid-ameriken an. Nan mwa desanm 2016 la, Pap la te fè aranjman pou yon rankont sou kesyon an dewoule nan Vatikan an ant li memenm, Prezidan Santos ak ansyen prezidan kolonbyen e aktyèl lidè opozisyon an, Alvaro Uribe.

XS
SM
MD
LG