Accessibility links

Breaking News

Yon Koutje sou Lavi ak Karyè Jeneral Colin Powell


JENERAL COLIN POWELL
JENERAL COLIN POWELL

Prezidan ameriken an, Joe Biden, Sekretè Deta Antony Blinken, Minis Defans la, Lloyd Austin, ak divès manm Kongrè a -demokrat kou repibliken- rann temwayaj pou di avèk lanmò Jeneral Powell Lèzetazini pèdi youn nan ameriken ki travay plis pou fè fyète peyi a tout jenerasyon mete ansanm.

Jeneral Colin Powell --ki se premye nwa-ameriken ki okipe pòs Sekretè Deta, swa Minis Afè Etranjè Lèzetazini, e ki se yon ansyen kòmandan an chèf wotetamajò fòzame ameriken yo-- mouri nan kòmansman jounen lendi 18 oktòb 2021 an anba konplikasyon ki asosye ak maladi KOVID-19. Li te genyen 84 an.

Klike sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon rezime lavi ak karyè Jeneral Powell avèk Lyonel Desmarattes.

Yon koutje sou lavi ak karyè Jeneral Colin Powell
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:16 0:00

XS
SM
MD
LG