Accessibility links

Breaking News

Ayiti Aktyalite-Rezime Kèk nan Dènye Nouvèl sou Peyi a


Minis Sitwayènte ak Patriyotism, Guy Andre Francois Junior, anonse travay pou mete nouvo kat didanfikasyon nasyonal la (Nimewo Idantite Nasyonal, NIN) a la dispozisyon sitwayen ayisyen yo ap kontinye nomalman.

Ayiti-Aktyalite

  1. Minis Komès ak Endistri a, Jonas Coffy, lanse yon avètisman bay kanbis yo -sètadi responsab biznis kote yo chanje goud ayisyen an pou dola ameriken e vice versa- pou di yo gen obligasyon pou yo swiv règleman otorite yo tabli pou domèn nan. Misye Coffy, ki t ap abòde dosye a mekredi 24 mas la, fè konnen jan kanbis yo ap opere depi kèk tan deja se yon veritab dezòd e leta ayisyen dispoze mete fen nan deriv sa a. Tout moun ki pa konfòme yo ak sa lalwa mande, ap gen pou fè fas ak konsekans aksyon yo.
  2. Minis Sitwayènte ak Patriyotism, Guy Andre Francois Junior -ki t ap patisipe nan yon fowòm sou avan-pwojè chanjman konstitisyon an nan Otel Ritz Kinam, nan Petyonvil, jedi 25 mas- anonse travay pou mete nouvo kat didanfikasyon nasyonal la (Nimewo Idantite Nasyonal, NIN) a la dispozisyon sitwayen ayisyen yo ap kontinye nomalman. Li rejte bri k ap kouri kòmkwa responsab yo ta prepare kat an plizyè kopi avek yon sèl nimewo, sa ki ta ka prepare chemen an pou koken fèt nan pwochen eleksyon yo akoz posiblite pou yon moun ta vote plizyè fwa. Misye Francois Junior kanpare nouvo kat didantikasyon an ak kat sekirite sosyal Ozetazini, kote chak moun gen yon sel nimewo e nimewo sa a pa chanje pandan tout vi li.
  3. Mathias Pierre, Minis Delege chaje kesyon elektoral ak rapò ant egzekitif la ak pati politik yo, fè yon prezantasyon, jedi 25 mas 2021 an, kote li pale de evolisyon travay k ap fèt pou pote chanjman nan konstitisyon ayisyèn nan. Misye Pierre bay detay sou kesyon an nan moman Ayiti ap pare pou l make 34èm anivèsè referandom kote pèp la te vote pou apwouve Konstitisyon 1987 la (29 Mas 1987). Nan prezantasyon sa a, M. Pierre pale, antwòt, de reyaksyon kèk lidè politik ak lòt pati konsène sou pwopozisyon pou nouvo chat fondamantal la ta elimine Sena a e bay Ayiti yon palman mono-kameral, sètadi yon palman ak yon sèl chanm. Daprè minis la, pwopozisyon sa a rankontre gwo opozisyon nan divès sektè e Prezidan Jovenel Moise deside pran opinyon yo an konsiderasyon. Minis Thomas Pierre te pran lapawòl nan kad yon seyans fomasyon ki t ap dewoule nan lokal Unité de Lutte Contre La Corruption (ULCC).

4.- Nan jounen jedi 25 mas 2021 an, reprezantan sosyete sivil la nan Pòtoprens, avèk konkou lidè politik opozisyon an, òganize yon seremoni senbolik pou onore 4 polisye ki te tonbe anba bal bandi nan Vilaj de Dye nan dat 12 mas pase a nan yon operasyon kote Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te voye yon detachman polisye al desitire bandi yo nan vilaj la. Jous anvan sevis sa a te dewoule, paran viktim yo potko jwenn kadav yo pou rann yo yon dènye omaj epi fèmen chapit tris sa a nan lavi yo. Youn nan òganizatè seremoni an te pran lapawòl pou l di polisye sa yo “se ewo ki tonbe pandan yo t ap sèvi piblik la” e yo merite antere avèk respè e nan diyite. Yon seremoni menm jan te dewoule tou nan menm jounen jedi a nan vil Sen Mak, nan Ba Latibonit.

XS
SM
MD
LG