Accessibility links

Breaking News

Gwo Enterè Larisi nan Eleksyon Palmantè Mi-Manda yo Ozetazini


Pwogram Siveyans Sekrè Lèzetazini
Pwogram Siveyans Sekrè Lèzetazini

Sèvis Sekrè ameriken an lanse avètisman madi 13 fevriye 2018 la pou di Larisi byen deside fè entèferans nan pwochen palmantè yo ki fikse poupita ane sa a Ozetazini.

Direktè Ajans Ransèyman Nasyonal la, Dan Coats -ki t ap fè depoziyson devan manm Komisyon Sèvis Sekrè Sena a-- deklare Larisi konsidere eleksyon mi-manda yo kòm "yon okazyon ann ò pou yon moun chache gen enfliyans sou sa k ap pase Ozetazini."

Direktè Ajans Nasyonal Enfòmasyon Sekrè Lèzetazini, Dan Coats, pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a sou menas ki poze pou Lèzetazini nan lemond. (Foto: Washington,13 fevriye 2018).
Direktè Ajans Nasyonal Enfòmasyon Sekrè Lèzetazini, Dan Coats, pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Sèvis Sekrè Sena a sou menas ki poze pou Lèzetazini nan lemond. (Foto: Washington,13 fevriye 2018).

Direktè Dan Coats ajoute: "Eleksyon k ap dewoule a letranje reprezante yon pwen denfliyans trè zenpòtan e Larisi vle pwofite okazyon sa a pou l pran pi bon pozisyon posib la pou l defann enterè li ni piblikman, ni sekrètman."

Misye Coasts fini pa pa di Larisi, Lachin, Kore di Nò ak Iran se peyi ki poze pi gwo danje pou Lèzetazini sou plan sibènetik la ak itilizasyon Entènèt la.

XS
SM
MD
LG