Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidans. Eleksyon Primè 15 Mas la: Gwo VIktwa pou Madam Clinton ak Trump


Saudiya Arabistoni
Saudiya Arabistoni

Ozetazini, kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, ranpòte eleksyon prime ki dewoule nan 3 eta pandan jounen madi 15 mas 2016 la -pami yo genyen yon Eta klé, an palan de Florid kote viktwa li a fòse Senatè eta a, Marco Rubio, kite kous la.

Se konsa tou Trump rive ogmante avans li sou Senatè Tegzas la, Ted Cruz, pou kantite delege li genyen kounyela a. Sèl eta Trump pa genyen nan eleksyon madi yo, se Ohio kote Gouvène Eta a, John Kasich, ranpòte yon viktwa li te byen bezwen sou pwòp teren li, kote kandida ki genyen an ranpòte tout delege yo. Nan diskou Misye Trump fè pou l selebre viktwa a, li deklare:

“Mwen panse nou pral genyen yon gwo viktwa e, sa ki pi enpòtan toujou a, mwen panse nou pral rekòmanse ranpòte viktwa. Peyi sa a pral rekòmanse ranpòte viktwa, paske sa gen lontan depi nou sispannn ranpòte viktwa.”

Nan kan demokrat la, ansyen sekretè Deta Hillary Clinton ranpòte 4 eta sou 5. Viktwa li nan Florid, Ilinwa, Kawolin di Nò ak Ohio vin ranfòse yon avans ki te deja byen laj sou advèsè l la, Senatè Bernie Sanders. Madam Clinton pale pou l di "sete yon veritab sipè-madi pou li" e li prezante konpliman li bay Misye Sanders poutèt li mennen yon kanpay ki byen solid. Madam Clinton fè konnen:

“Si nou youn lonje men bay lòt pou youn trete lòt ak respè, tandrès e menm avèk lanmou, olye de mankdega ak rayisab; si nou youn voye lòt monte olye nou youn dechire lòt, pa gen anyen nou pa ka reyalize nan tèt ansanm.”

Sanders, bò kote pa l, fè konnen kanpay li a rive demanti anpil move prediksyon e se yon kanpay radikal nan politik amerikèn nan, paske li pa pè di laverite.

XS
SM
MD
LG