Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Clinton ou Trump? Kous la Twò Sere Toujou pou Espesyalis yo Prevwa Gayan an


Clinton Trump 5
Clinton Trump 5

Ozetazini, 2 kandida a la pezidans yo, demokrat Hillary Clinton, ak repibliken Donald Trump, kontinye ap siyone peyi a, espesyalman Eta kote majorite elektè yo endesi toujou ak Eta ki gen pwa ase nan Kolèj Elektoral la pou yo fè balans la panche nan yon sans oubyen nan yon lòt.

Donald Trump nan yon meeting ki dewoule nan vil Wilmington, Eta Ohio, vandredi 4 novanm 2016 la.
Donald Trump nan yon meeting ki dewoule nan vil Wilmington, Eta Ohio, vandredi 4 novanm 2016 la.

Vrèmanvre, se san pran souf 2 mesye-dam yo ap anime meeting sou meeting pou yo chofe elektè yo nan moman yap antre nan dènye weekend yon kanpay desizif e ki plen ak reboudisman. Madan Clinton --ki genyen yon avans tou mens nan sondaj nasyonal yo, paske sanble pi fò elektè ki plis kapab al vote yo panche bò kote l-- pale nan jounen vandredi 4 novanm nan, nan youn nan eta ki enpòtan anpil yo (an palan de Eta Pennsilvani) pou l di votan yo advèsè repibilken n nan, Donald Trump seyon nonm ki abitye manke fanm dega e li pa pran abitid sa a pandan li tap kèmanse kanpay li a selman. Hillary Clinton ajoute:

“Nan lane 1987 misye te achte tout yon paj jounal pou l te ensilte Prezidan Ronald Reagan; alòs pa gen yon moun nèg sa a pap manke dega.”

Bò kote pa l, Donald Trump òganize meeting nan 3 eta ki enpòtan anpil pandan jounen vandredi a: Pennsilvani, Ohio ak Nyou Hanpchè. Pandansetan, yon nouvo sondaj montre yon majorite elektè ameriken pa renmen ni youn ni lòt nan 2 kandida yo; dapre sondaj la, votan yo di tou lè kandida yo ba yo degoutans. Sepandan sa pa anpeche plizyè milyon nan yo vote anvan jou eleksyon an, madi 8 novanm nan.

Madam Clinton ki tap mennen kanpay nan vil Detroit, Eta Michigan, vandred 4 novanm 2016 la.
Madam Clinton ki tap mennen kanpay nan vil Detroit, Eta Michigan, vandred 4 novanm 2016 la.

Yon sondaj New York Times/CBS News montre Madan Clinton devan ak 45 pousan entansyon vòt yo alòske Donald Trump genyen 42 pousan; tandiske yon sondaj Washington Post-ABC News mete kandida demokrat la devan tou ak yon skò 47 kont 45. Menm sondaj New York Times/CBS News la fè wè 8% elektè yo di ni Madan Clinton ni Misye Trump kreye endiferans lakay yo pou eleksyon an. Malgre sa, plis pase 36 milyon 500 mil sitwayen ameriken deja jete bilten yo, daprè United States Election Project (Pwojè Etazini pou Eleksyon), yon òganizasyon ki la pou ankouraje sitwayen yo ranpli devwa sivik yo.

XS
SM
MD
LG