Ozetazini, teren an pare pou sa ki ka reprezante yon moman esansyèl nan kanpay prezidansyèl 2016 la nan moman 2 kandida a la prezidans yo (Republiken Donald Trump ak Demokrat Hillary Clinton) pral tope kòn yo nan premye deba yo pi ta jodi lendi a.
2 kandida yo twouve yo preske egal-ego nan dènye sondaj dopinyon yo ki montre Madanm Clinton gen yon avans tou piti sou Misye Trump. Se premye fwa 2 kandida yo pral twouve yo fas-a-fas sou yon podyòm; e obsèvatè yo prevwa yon kantite rekò sitwayen ameriken (swa 100 milyon) pral swiv deba sa a sou televizyon pou yo konnen pozisyon chak nan 2 kandida yo sou pwoblèm enpòtan Lèzetazini ap konfwonte, pou yo wè kijan yo chak pral reyaji sou pozisyon lòt la epi deside kilès nan 2 a yo panse ki kapab tounen 45èm prezidan ameriken epi okipe La Mezon Blanch pandan 4 tran kap vini yo.
2 kandida yo gen pou fè 2 lòt deba ankò pandan mwa d oktòb la; men le pi souvan se premye deba a ki atire plis telespektatè. Evennman an pral dewoule nan Inivèsite Hofstra, tou prè vil New York, e lap fèt anviwon 6 semèn anvan eleksyon prezidansyèl la ki fikse pou madi 8 novanm 2016 la, jou kote ameriken yo gen pou yo chwazi yon ranplasan pou Prezidan Barack Obama ki pral kite pouvwa a nan mwa janvye 2017 la.