Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Prezidan Obama Detaye Kalifikasyon Hillary Clinton pou Plas Prezidan Ameriken an


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak Hillary Cliton nan 3è jounen konvansyon nasyonal pati demokrat la aprè Misye Obama te fin fè diskou ki mete fen nan sware a.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak Hillary Cliton nan 3è jounen konvansyon nasyonal pati demokrat la aprè Misye Obama te fin fè diskou ki mete fen nan sware a.

Ozetazini, mesaj lidè pati demokrat la prezante nan sware mèkredi 27 jiyè 2016 la, sou 3èm jounen konvansyon nasyonal pati a ap òganize nan vil Filadèlfi, nan Eta Pennsilvani, se yon mesaj ki klè: yo tout pale san mete dlo nan bouch yo pou di ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton pare pou l tounen pwochen prezidan Lezetazini alòske, daprè yo, Donald Trump, kandida pati repibliken an, pa pare pou l pran gwo responsablite sa a.

Prezidan Barack Obama pandan li tap fè diskou ki fèmen 3èm jounen konvansyon nasyonal pati demakrat la.
Prezidan Barack Obama pandan li tap fè diskou ki fèmen 3èm jounen konvansyon nasyonal pati demakrat la.

Dènye oratè a, swa oratè prensipal la, nan avan-dènye sware gwo evènman politik sa a, sete Prezidan Obama. An plis Prezidan Obama, Vis Prezidan Joe Biden ak Kandida pou plas Vis Prezidan an, Tim Kaine, pale nan Konvansyon Demokrat mèkredi 27 jiyè a pou yo montre kisa ki fè Madam Clinton pare pou l okipe La Mezon Blanch.

Lidè ameriken an mete aksan sou gwo reyalizasyon administrasyon li a e li di Madam Clinton pi byen prepare pase pèsonn lòt moun -gason kou fanm, pa menm li-menm oubyen mari Hillary Clinton, ansyen Prezidan Bill Clinton- pou kontinye eritaj sa a epi fè plis pou byennèt pèp ameriken an. Misye Obama di li kwè Lezetazini twouve l nan yon pi bon pozisyon pou l briye lè moun tout kouch sosyal mete tèt yo ansanm pou yo fè peyi a mache an avan, olye yo kite divizyon bloke pwogrè nasyon an.

Repòtaj Serge Michel sou 3èm jounen konvansyon pati demokrat la nan vil Filadelfi, Pennsilvani.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:27 0:00

Pou plis detay sou 3èm jounen konvansyon demokrat la, nou envite w klike sou lyen anlè a pou w koute yon repòtaj anvwaye espesyal nou, Serge François Michel.

XS
SM
MD
LG