Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton Twouve l nan Vil Paris


Sekretè deta ameriken an Hillary Clinton
Sekretè deta ameriken an Hillary Clinton

Sekretè Deta Etazini Hillary Clinton twouve l lendi 14 mas 2011 la nan peyi Lafrans kote l ap rankontre responsab ewopeyen yo pou diskite sou sitiyasyon an nan Libi.

Sekretè Deta Clinton gen pou l fè 2 jou chita-tande nan vil Pari. L ap gen tou pou l rankontre kèk lidè libyen ki nan opozisyon.

La Frans ak Lagrand Bretay ap travay sou yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini ki kapab otorize tabli yon zòn nan Libi kote avyon pap ka vole.

Etazini ap travay sou plan sa a tou, men Washington vle genyen yon manda legal klè anvan li pran yon kèlkonk aksyon .

Chèf diplomasi amerikèn nan gen pou l fè tou yon virewon nan peyi Ejipt ak Tinizi --- yon virewon k ap kòmanse demen madi a.

Madam Clinton planifye pou l rankontre ak ekip tranzisyon nan 2 peyi sa yo kote soulèvman popilè kapote 2 lidè ki te pase anpil tan sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG