Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Pale Sou Enpòtans Entènèt la


Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton (foto achiv )
Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton (foto achiv )

Nan yon konferans li bay pou etidyan George Washington University, isit Washington, Sekretè Deta Clinton pale sou enpòtans Entènèt la atravè lemond sitou pou sa ki gen rapò ak politik.

Madam Clinton te mete aksan sou evenman ki sòt dewoule nan Ejipt nan jou pase yo paske nan pwotestasyon kont Prezidan Hosni Mubarak yo , manifestan yo te itilize entènèt la pou yo mobilize moun.

Sekretè Deta Cliton kontinye pou l di Entènèt la vin tounen yon fowòm piblik atravè lemond kote tout moun ka patisipe e sa vinn poze yon pwoblèm, paske entènèt la poko gen prensip li.

Nan diskou li a, chèf diplomasi Etazini an pale sou plizyè peyi tankou Vyetnam, Burman, ak Iran—kote popilasyon an swa pa gen aksè sou rezo Entènèt la, swa gouvènman an kontwole sou ki sit yon moun gen dwa ale.

Sekretè Deta ameriken-an di : “L ap mande libète dwazimen pou pwoteje moun lè yo sou entènèt la e menm lè yo pa sou entènèt la. Dwa endividi yo pou eksprime yo lib-e-libè sou dirijan yo ou pratike relijyon yo vle, se dwa inivèsèl menmsi moun nan egzèse l sou yon plas piblik oswa nan yon blog” .

Madam Clinton ensiste sou libète tout moun atravè lemond ta dwe genyen pou yo di sa yo panse sou entènèt la san pwoblèm. Sekretè Deta Clinton di:

“ Nan 2 peyi sa yo, an palan de Ejip ak Iran, fason sitwayen ak otorite yo itilize entènèt la yon pa, montre pisans teknolojik kòm akseleratè chanjman politik, sosyal reflete, ak ekonomik e, yon lòt pa, fason pou moun elimine chanjman sa yo”

Madam Clinton di pou fini se libète ak jistis k ap pote lapè.

XS
SM
MD
LG