Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Egzanp Divèsite nan mitan Delegasyon yo nan Konvansyon Pati Demokrat la


Yon koutje sou delege ki tap asiste Konvansyon Nasyonal Demokrat la nan Filadèlfi nan jounen 28 jiyè 2016 la.
Yon koutje sou delege ki tap asiste Konvansyon Nasyonal Demokrat la nan Filadèlfi nan jounen 28 jiyè 2016 la.

Pandan dewoulman aktivite konvansyon pati demokrat la nan vil Filadèlfi, nan Eta Pennsilvani, moun te ka wè delegasyon ki te sòti nan tou lè 50 eta yo; pami yo te genyen ki te vini ak manm divès gwoup etnik.

Kòm egzanp divèsite ki te genyen nan konvansyon an, nap di delegasyon Eta Florid la te gen ladan n reprezantan kominote ayisyano-amerikèn yo, tankou Jean Monestime, prezidan Konsèy Kominal Awondissman Miami Dade la, ak Doktè Flore Lindor Latortue, prezantatris pwogram radyo ak televizyon nan Miami.

Entèvyou Serge F. Michel ak Jean Monestime e Flore Lindor Latortue nan konvansyon pati demokrat la nan Filadèlfi.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:19 0:00

Klike sou lyen ki anlè a pou koute yon rapòtaj anvwaye espesyal nou, Serge François Michel, ki te rankontre ak 2 delege nou nonmen yo pou yon entèvyou nan lang kreyòl la.

XS
SM
MD
LG