Accessibility links

Breaking News

Ayiti: CIRH Apwouve Yon Pwojè Prè ki Pral Pèmèt Moun Bati Kay


Vil Jakmèl apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la
Vil Jakmèl apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la

Komisyon Enterimè Pou Rekonstriksyon Ayiti, CIRH, apwouve yon pwojè prè ki pral pèmèt klas mwayèn nan ak moun ki pi pòv yo jwenn lajan prete pou bati kay.

Youn nan ko-prezidan konsèy administrasyon CIRH la, ansyen prezidan Bill Clinton, fè konnen peyi donatè yo pral alimante yon fon espesyal pou pwojè sa a.

Pou Kesner Pharel, ki reyaji sou pwojè a, sa pral pèmèt Ayiti mete sou pye yon sektè lojman ki kapab soutni ekonomi an.

Kesner Pharel, se direktè Firm konsiltasyon Gwoup kwasans. Li reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Kesner Pharel.

XS
SM
MD
LG