Accessibility links

Breaking News

CIRH Pibliye yon Nouvo Nòt Pou Laprès


2 Ko -rezidan CIRH la Premy-minis Jean-Max Bellerive ak ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton ak kandida a laprezidans Mirlande Manigat (FOTO ACHIV)
2 Ko -rezidan CIRH la Premy-minis Jean-Max Bellerive ak ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton ak kandida a laprezidans Mirlande Manigat (FOTO ACHIV)

Nan yon nòt pou laprès ki soti nan Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti (CIRH), komisyon an fè konnen li apwouve nouvo pwojè rekonstriksyon an pou yon valè 255 milyon dola.

Nan fon rekonstriksyon sa a, se 183 milyon dola ki deja la a. 2 co-prezidan CIRH la yo, Premye-minis Jean Max Bellerive ak ansyen Prezidan Bill Clinton te ekzòte donatè yo pou yo redouble efò pou ede nan rekonstriksyon an.

Espay ak Japon te reponn tousuit ak pwomès finansye. Yo chak siyen yon pwomès 30 milyon dola. Anvan sa a, Espay te deja bay 7 milyon 270 mil dola pou rekonstriksyon nan domèn edikasyon.

Rekonstriksyon yo ap santre sitou sou kay, dlo ak sanitasyon, enèji ak travay pou wete debri tranblemanntè a. Sa yo se kèk pami yon lis 19 pwojè ki rive nan yon total 783 milyon dola, men se sèlman yon pati nan lajan sa a ki rive deja al jwenn CIRH la.

Gen sèlman mwatye lajan ki rive nan peyi a pou wete yon total 4 milyon mèt kib debri ane sa a. Kèk pwojè nan domèn swen sante tankou konstriksyon yon lopital pou ijans CIRH la apwouve, ap tann finansman toujou.

XS
SM
MD
LG