Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Pwomèt pi bon Ankadreman pou Lapolis ak Lòt Anplwaye Leta yo


Kò Dentèvansyon ak Mentyen Lòd (CIMO), ki se youn nan inite espesyalize fòs polis nasyonal la ann Ayiti, fete 21 an degzistans li 14 fevriye 2017.
Kò Dentèvansyon ak Mentyen Lòd (CIMO), ki se youn nan inite espesyalize fòs polis nasyonal la ann Ayiti, fete 21 an degzistans li 14 fevriye 2017.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, fè konnen li enpòtan pou polisye ak pwofesè lekòl jwenn kredi sou lojman sosyal pou yo kabab peye kay yo. Nouvo chèf deta Ayiti a fè deklarasyon sa a pandan li tap patisipe nan selebrasyon 21èm anivèsè Kò Dentèvansyon ak Mentyen Lòd (CIMO), youn nan inite espesyalize Polis Nasyonal la (PNH).

Nan okasyon jounen selebrasyon an, Kòmandan CIMO a, Vladimr Cherubin di li swete pou enstitisyon an ogmante efektif li genyen kouneye dekwa pou l kabap fè travay li pi byen.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Orpha Dessources, ap pote plis detay sou selebrasyon an nan odyo ki anba tèks la.

Yon repòtaj Orpha Dessources sou selebrasyon 21èm anivèsè CIMO, youn nan inite espesyalize fòs polis la ann Ayiti a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:09 0:00

XS
SM
MD
LG